Tanpri li kontra sa a byen. Lè ou aksepte l, ou dakò pou swiv tout règ yo epi pou peye tout sa ou dwe.
Dènye mizajou: 24 novanm 2026
1. Objektif
- Objektif Sol (Susu / Savings Club) sa a se ankouraje manm yo fè ekonomi ak disiplin, epi pèmèt chak manm touche yon gwo kòb an yon sèl fwa gras a kontribisyon regilye.
2. Kondisyon pou vin manm
- Chak manm dwe bay yon pyès idantite ak foto, nimewo telefòn li, ak yon kontak an ka ijans. Administratè a verifye pyès idantite a an pèsonn.
- Manm yo dakò pou swiv tout règ klib la.
3. Kontribisyon
- Chak manm dakò pou kontribye $100 oswa $200 chak semèn, pou chak men li pran.
- Administratè a kòmanse ranmase kòb la vandredi. Dimanch se dènye jou pou peye, paske chak dimanch gen yon moun ki touche.
- Gen yon ti frè $100 sou chak peman touche.
4. Lòd pou touche
- Òganizatè a fikse lòd moun ap touche yo anvan Sol la kòmanse.
- Chak manm konnen sèlman dat pa l. Pèsonn pa wè kilè ni ki moun lòt manm yo ap touche.
- Chak dimanch pandan sik la, yon manm resevwa yon peman konplè.
- Yon manm ki gen plizyè men touche yon sèl fwa pou tout men li yo.
- Manm ki touche bonè yo dwe kontinye fè tout kontribisyon ki rete yo jiskaske sik la fini.
5. Peman an reta
- Manm ki peye an reta plizyè fwa ka retire nan Sol la pa òganizatè a, oswa dat li dwe touche a ka repouse.
6. Retrè ak kondisyon legal
- Manm yo pa ka kite Sol la apre li fin kòmanse, sof si òganizatè a ak manm ki konsène yo dakò.
- Si yon manm kite anvan li touche, nenpòt ranbousman ap fèt nan fen Sol la.
- Si yon manm pa peye kontribisyon li dwe apre li fin touche, sa ka mennen nan aksyon legal pou rekipere kòb li dwe a.
7. Itilizasyon platfòm nan ak vi prive
- Pa gen peman sou entènèt nan app la: ou peye administratè a dirèkteman. Yon peman konte sèlman lè administratè a anrejistre l, e ou resevwa yon konfimasyon.
- Nou kenbe non w, imèl ou, telefòn ou, kontak ijans ou ak dosye peman ou yo pou jere Sol la. Se sèlman ou menm ak administratè a ki ka wè yo. Nou pa vann yo e nou pa bay pèsonn yo.
- Kenbe modpas ou sekrè. Si ou panse yon lòt moun konnen l, chanje l touswit epi avèti administratè a.
Lè ou aksepte, ou dakò pou swiv règ sa yo epi pou peye tout sa ou dwe. Non konplè ou sèvi kòm siyati elektwonik ou.